Loading
Loading
Loading
Loading
Loading
Loading

Redando & Dory Ann

    Home
    Wedding Party
FloralFloral

Wedding Party

Ricard Moncion

Best Man

Se yon moun ki toujou poze e ki bay bon egzanp nan jan l ap viv ak madanm li. Relasyon yo se yon bèl modèl pou nenpòt moun ki vle bati yon maryaj solid. Li toujou la pou ban mwen bon konsèy Biblik e konsèy selon eksperyans li fè. Se yon vrè zanmi ou ka toujou konte sou li. Mwen kontan paske l aksepte vin parenn maryaj mwen.


Rachel Pierre

Maid of Honor

Se yon manman pou mwen e pou Redando tou, toujou la pou sipòte m ak gide m. Li toujou dispoze ede m, ban m bon konsèy, epi montre m etap pa etap kijan pou reyalize sa m bezwen fè. Li renmen Jewova e li se yon moun fidèl ak serye ou ka toujou konte sou li. Mwen fyè e kontan dèske se li menm mwen chwazi kòm marenn mwen nan jounen espesyal sa a.

Morgan Durandisse

Groomsman

Pi jèn nan groomsman yo, men li toujou poze ak gen bon atitid. Li renmen jwe, koute ak aprann nan men lòt yo. Avèk li, gen toujou yon ti frechè ak enèji ki fè gwoup la pi bèl.


Danisha Cetoute

Bridesmaid

Mwen poko wè yon moun ki renmen bijou pase li, li timid e mwen renmen li pou zanmi e mwen kontan li avèm pou jou sa.

Roubens Juin

Groomsman

Yon bon zanmi ki toujou la, ni nan move moman ni nan bon moman pa gen moun ki renmen poze kesyon pase l. Mwen kontan genyen l avèm nan bèl jou sa a.


Cassanta Juin

Bridesmaid

Yon konseye ki gen kran poul ba w bon konsèy menmsi sa pap fèw kontan. Anmenmtan ki renmen òganize bon ti moman espesyal pou frè ak sè yo tankou game night, e li renmen eseye nouvo jwèt.

Robenson Juin

Groomsman

Moun serye ki toujou la pou mwen nenpòt kilè, yo di chak relasyon zanmitay ap gen ti kont pa fwa, ebyen se sèl zanmi ou pap ka jwenn rezon pou kont, li toujou poze e an menmtan djòlè.


Taïna Juin

Bridesmaid

Yon bon sè, yon bon zanmi ki ospitalye ki renmen moun e ki renmen ede. Ki viv de prensip e ki renmen Jewova.

Caleb Hillaire

Groomsman

Yon ti frè, yon zanmi ki toujou la pou ede, nou gen anpil bagay ki komen nan lavi nou gen ladan yo ki bay kè kontan, genyen ki stresan e genyen ki toude, gen anpil gwo desizyon nou pran menm lè nan lavi a. Maryaj se youn ladan yo.


Jefena Altidort

Bridesmaid

Yon zanmi kap kanpe avèw depi nan maten pou jis li aswè pou ede. Li renmen eseye nouvo adventure. Ki renmen ri e bay blag kap ede w pase strès ou. Li pran lavi janl ye a kise gen yon moman pou chak bagay.

Richcard Rosier

Groomsman

Se yon zanmi ki toujou la lè ou bezwen li. Li toujou dispoze ede san l pa janm plenyen. Se yon moun ki gen bon kè epi ou ka toujou konte sou li.


Abigail Gourdes

Bridesmaid

Se yon bon zanmi ki toujou ankouraje m e ki toujou la pou mwen e mwn kontan ke li fè pati de jou special sa.

Ruben Pierre

Groomsman

Ti frè m, ke m gen anpil lanmou pou li, youn nan pi jèn nan gwoup la, men li toujou montre li gen matirite. Li konn pote bon anbyans, li se yon egzanp pou tout lòt jèn.


Christina Cetoute

Bridesmaid

Youn nan zanmi m yo ki pi timid men li telman janti e calm se sak te atirem zanmi avel mwen kontan li avèm pou jou sa.

Enzel Durandisse

Groomsman

Yon moun ki pote lajwa nenpòt kote li rive. Li toujou gen bon enèji pou ankouraje lòt yo. Se yon zanmi ki fè w santi lavi a pi fasil e toujou ap tcheke sou ou pou konn si w anfòm.


Jada Noel

Bridesmaid

Se yon bon zanmi, li renmen ri anpil li renmen bay blag e li touju renmen tout moun e mwen kontan li la pou mwen pou jou sa

Yhanny Durandis

Ring Bearer

Menm si li jèn, li deja montre gwo lanmou li pou Jewova ansanm ak volonte li genyen pou l patisipe. Enèji li ak bon egzanp li ap fè jou sa a vin pi klere toujou.


Bella Moncion

Ring Bearer

Li gen yon bon ti lespri dous e li renmen Jewova anpil. Nou apresye fason li renmen fè kòmantè ak pataje sa li aprann. Jantiyès li ak lajwa li ap klere nan jou espesyal nou an.

Saraphina Narcisse

Announcer

Ti sè m ke m renmen anpil, nou grandi ansanm e nou toujou la youn pou lòt. Li toujou sipòte m nan tout etap nan lavi mwen. Jodi a, mwen gen anpil lajwa paske se li ki pral anonse antre mwen kòm lamarye.

For all the days along the way
About ZolaGuest FAQsOrder statussupport@zola.com1 (408) 657-ZOLA
Start your wedding website© 2025 Zola, Inc. All rights reserved. Accessibility / Privacy / Terms