Se etonan jan lavi konn mete moun ansanm nan moman ou pa atann li. Premye fwa mwen te wè Dory, sa ki te frape m se pa sèlman bote li, men jantiyès li. Jan li konn konpòte l, jan li pale ak moun, sa te touche kè m. Mwen te konnen mwen te vle dekouvri moun ki dèyè bèl ti souri sa a. Pandan nou te pase plis tan ansanm, mwen te dekouvri lòt bèl kalite ki nan li. Li gen pasyans lè lavi a enpasyan. Li janti lè mond lan vin ensousyab. Li gen lafwa ak kouraj ki fè l kanpe fèm, epi li toujou pale ak dousè. Menm lè nou fè fas ak difikilte, wi, tankou tout relasyon, nou jwenn difikilte pafwa, men nou toujou tounen nan sous lanmou ki te mete nou ansanm nan. Relasyon nou pa janm yon relasyon kote tout bagay pafè; men li se yon lekòl ki aprann nou fason pou nou aprann renmen moun ki enpafè ak yon lanmou ki pafè. Jan Bib la di sa nan 1 Korentyen 13:4-8, “Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Lanmou pa jalou sò moun, li pa vante tèt li, li pa kite ògèy plen tèt li, li pa aji yon fason ki endesan, li pa chèche pwòp enterè l, li pa fè kòlè fasil. Li pa note bagay mal yo fè l. Li pa pran plezi nan sa ki mal, men li pran plezi nan sa ki verite. Li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi.[..].” Nou toujou sonje pawòl sa yo, paske yo raple nou lanmou se pa sèlman santiman, men se aksyon. Chak jou, nou fè chwa pou nou renmen, padone, sipòte youn lòt, epi bati yon bagay kap dire. Maryaj sa a se pa sèlman yon selebrasyon pou de moun; li se kòmansman yon lavi kote Jewova ap toujou abit nan mitan nou, pou gide nou, pou nou renmen youn lòt jan li renmen nou.